Soti 2 rive 4 mas 2023, nou te nan Karakas, Venezyela, 35 delege ki soti nan 20 peyi nan Amerik Latin ak Karayib ak plis pase yon douzèn kanmarad ki soti Venezyela, pou nou fè 7èm Reyinyon Kowòdinasyon Kontinantal Mouvman ALBA pou rann omaj a kòmandan Etènèl nou an, Hugo Chávez, 10 zan apre li fin kreye.

 Nan mitan yon gwo mobilizasyon nasyonal nan omaj pou kòmandan Chávez, nou rive nan yon Venezyela konbatif e rezistan, pou diskite ak mete nou dakò sou aksyon konkrè ki pral pèmèt nou trase yon plan travay ki soti nan 3èm Asanble Kontinantal atikilasyon nou an. Sou baz yon analiz apwofondi konjonkti aktyèl la sou kontèks politik ak sosyal kontinan nou an, nou avanse nan lokalizasyon aksyon konkrè nan inite kont enperyalis, nan solidarite ak entènasyonalis, fòmasyon politik, kominikasyon popilè ak bati yon panse estratejik pou emansipasyon pèp nou yo.

Peyi Karayib yo rebele  kont enpozisyon kolonyal paradi fiskal yo, espas militè yo ki, anba pretèks trafik dwòg, se yon baz lojistik pou atake lòt peyi: Ayiti kontinye nan yon rezistans pèmanan kont tantativ entèvansyonis

 Etazini ak òganizasyon miltilateral yo ap chache fè sou teritwa li;  Pòtoriko, Matinik ak plis pase 20 peyi kontinye ap goumen pou endepandans yo; Kiba kontinye ap defann e bati Revolisyon li; epi nan Mezoamerik la, pèp migran yo ap sibi chak fwa pi plis diskriminasyon ak eksplwatasyon nan mitan yon pakèt kriz pwofon ki se pwodwi sistèm neyoliberal la, men yo gen anpli lespwa nan gouvènman kamarad nou an, Xiomara Castro.

Zòn Lèzand kanpe jodi a kòm youn nan rejyon kote gen anpil goumen pou li. Sou yon bò ak rezistans kont gouvènman neyoliberal yo tankou nan Ekwatè, ak nan batay pèmanan kont diktati palmantè tankou nan ka Pewou a, epi yon lòt bò ak akonpayman pwosesis altènatif yo tankou nan Bolivi.  Nan lane 2022, senaryo nan peyi ki na zòn Lèzand kòmanse chanje ak viktwa gouvènman Akò Istorik nan Kolonbi, ki reprezante yon angajman pou chanjman sa yo nou dwe mennen ak pèp kòm prensipal aktè, lit pèmanan pou konstriksyon lapè, jistis sosyal ak pwoteksyon lavi ak libète lidè sosyal yo. Nan senaryo sa a, Repiblik Bolivaryèn Venezyela kontinye reziste kont sanksyon enperyalis Etazini enpoze, defann eritaj kòmandan Chávez epi leve jodi a drapo yon nouvo etap pou kapab kontinye ak sosyalis depi Pouvwa Popilè a san yo pa depann de petwòl la.

Nan Kòn Sid nou an, ajanda enperyal la konsantre sou ekstraksyon resous natirèl tankou lityòm, tankou finansman ak dèt, pwodiksyon manje, nan sans sa a, konfli pou souverènte nan teritwa tankou Amazòn, Antatik, ak zile yo tankou Zile Malwin yo, se yon eleman fondamantal, tankou batay kont Fon Monetè Entènasyonal.  Sepandan, ak dènye triyonf Prezidan Lula nan Brezil, posiblite pou entegrasyon nan komès, enèji, ak politik nan rejyon an vin gen plis chans pou yo devlope.  Pwojè souverènte ak entegrasyon peyi sa yo devlope kontribye nan reaktivasyon platfòm tankou MERCOSUR, CELAC, ALBA – TCP, ankouraje senaryo atikilasyon rejyonal yo, tankou CARICOM, pou yo respekte prensip Dwa Entènasyonal otodetèminasyon pèp yo, epi tou pou ranfòse mekanis entegrasyon altènatif yo pou ranplase mekanis enperyalis la itilize, tankou OEA.

Nou kwè nan moman sa a Mouvman ALBA dwe konsidere viktwa elektoral yo kòm opòtinite non sèlman pou dirije gouvènman yo ak pwojè altènatif yo, men tou pou ankouraje se pèp ki pou dirije paske se sous prensipal konsiltasyon, kritik ak mobilizasyon ki garanti konsolidasyon gouvènman sa yo epi pwoteje yo kont menas enperyalis kap destabilize yo.

Nan kontèks kontinantal sa a, 7èm Reyinyon Kowòdinasyon Kontinantal ALBA-Mouvman afime bezwen li pou:

  • Ranfòse lit kont enperyalis la kòm pi bon omaj nou ka bay kòmandan etènèl nou an.
  • Pouswiv liy travay nou yo nan solidarite ak entènasyonalis, ki fondamantal pou reyalizasyon pwojè kontinantal nou an. Nan kontèks sa a, ranfòse kanpay pèmanan solidarite nou ak Ayiti, ki pral kontinye ak yon lòt Jounen Entènasyonal 29 Mas kap vini la, kontinye defann revolisyon yo nan kontinan nou an, epi goumen kont blokaj ekonomik enperyalis la enpoze sou yo.
  • Afime angajman nou anvè zile Karayib yo nan sipòte lit yo pou endepandans total ak konstriksyon souverènte sou teritwa yo.
  • Nou deklare nou nan yon ofansif ideyolojik pou anpeche travay pèmanan enperyalis la pou kontwole tèt ak kè pèp nou an. Nan kad sa a, n ap kontinye travay Fòmasyon Politik nou nan nivo kontinantal, ankouraje kreyasyon Lekòl yo ak òganizasyon fòmasyon, sitou nan zòn Karayib la ak zòn lèzand. Menm jan an tou, nou pral ranfòse enstriman kominikasyon nou yo nan yon pèspektiv popilè ak enklizif nan diferan peyi nan kontinan nou an.
  • Nou pral ankouraje Bolívar vs Monroe pou defann inite, souvrènte ak endepandans Amerik nou an, 200 zan apre Doktrin Monroe.
  • Bay plis enpòtans ak kanpay pou libète prizonye politik yo nan rejyon nou an ak nan mond lan, an patikilye kanmarad Julian Assange ak Alex Saab, prizonye enperyalis ameriken.
  • Bati senaryo deba nasyonal ak rejyonal ki pèmèt nou diskite sou Dilèm Limanite nan kad pwosesis preparasyon 3èm Konferans lan.

10 zan apre semans Chávez te simaye nou kontinye sou wout li te trase a : konstwi ALBA Pèp òganize yo, Mouvman yo.

 Epi n ap di w ak fyète n ap goumen depi 10 zan pou n akonpli pwojè Kòmandan an:  Men ALBA pèp yo vivan, aktif e ap ankouraje pwosesis mobilizasyon ak lit kont enperyalis, neyoliberalis, kapitalis, rasis, patriyakal, kolonyalis epi, fondamantalman, pou konstriksyon yon altènatif pou pèp nou yo, menm jan ou te gide nou: sosyalis Afro-Indo-Amerik nou e feminis.

! Kòmandan Chávez ap viv nan nou tout!

! 10 zan apre semans li yo, Chávez ap viv anndan ALBA!

  ¡ Ansanm oubyen anyen!

Kowòdinasyon Kontinantal

 Mouvman ALBA

 Mas 2023